Revolisyon Iknatonn lan

  • Home
  • Revolisyon Iknatonn lan

———————————————————————————

Yon farawon ki vini pou chanjman

———————————————————————————

Nan lanne 1383 anvan Jezi-Kris, yon jenn gason ki te gen 23 zan sèlman te eritye pouvwa nan men papa l pou li vin farawon, ki vle di chèf gouvènman ak administrasyon leta nan peyi Lejip. Jenn ti gason sa ta pral chanbade tout yon sistèm politik, sosyal ak relijyon li te leve jwenn. Nan 17 lane li fè ap gouvènen nasyon an (jiske nan lane 1336 a.j.) Li te reyisi menen yon revolisyon pasifik ki te chanje tout estrikti sosyete kote li te fèt la tèt anba. Nou ka di revolisyon pasifik Iknaton lan te gen 4 fas.

——————————————–

Yon revolisyon politik

———————————————-

 Li te transfòme pouvwa farawon an lè li diminye enpòtans relijyon Amonn lan ki te relijyon ki pi popilè nan wayom lejip nan epòk sa. Sa te redui tou kantite pouvwa ak gwo enfliyans granprèt Amon yo te genyen sou lavi politik nasyon an. Pou diminye pi plis ankò enfliyans granprèt Amon yo sou desizyon politik nasyon, li te deplase kapital la ki te nan lavil Teb, kote sant administrasyon leta te tabli li asoti nan Teb pou mete l nan yon plasman ki byen lwen Teb, nan yon vil tou nèf li te bati ki rele Akhetaton (jodi a, Amarna). Sa a te yon aksyon politik pou kase sèk ak ansyen sistèm lan.

—————————————————–

2 – Yon Revolisyon sosyal

—————————————————-

Avèk nouvo vizyon relijye l lan, Iknaton te chanje wòl fanmi wayal la. Li te mete plis valè sou relasyon pèsonèl li ak madanm li, Nefertiti, epi li te prezante l kòm yon figi enpòtan nan règn li. Li te chanje estrikti sosyal nasyon an pou mete aksan sou diyite imen an, olye de adorasyon pakèt divinite, jan sa te ye anvan li.

—————————————————–

3 – Yon revolisyon kiltirèl –

——————————————————

Li te chanje estil atistik Ejip la. Olye de reprezante farawon yo ak yon figi ideyalize, li te pami premye moun ki sèvi ak estil atisay penti reyalis, kote atis la prezante moun li ap penn lan ak fòm natirèl li. menm si modèl la ta gen yon domaj fizik. Nou ka wè sa sou penti ak eskilti ki reprezante Iknaton kote li gen yon fòm long, figi mens, vant gwo, ak karakteristik androjèn.

——————————————————

4 – Yon revolisyon relijye –

——————————————————

  1. Se chanjman ki pi enpòtan li te fè. Iknaton te vini ak yon ideyoloji tou nèf pou ranplase sistèm relijyon panteyis ejipsyen an (plizyè dye) ak adorasyon yon sèl espri ki se  Aton, yon sèl gwo espri inivèsèl ki te reprezante ak senbòl solèy la. Li te chanje prensip tradisyonèl relijyon li te leve jwenn lan ki se adorasyon lespri Amon ak lòt espri yo te gen plis enpòtans.

—————————————————————

Administrasyon Iknatonn lan

————————————————————-

Iknaton te plis oryante bidjè depans leta li tap administre a sou zafè edikasyon, lakilti ak lòt bagay ki enpòtan pou byennèt pèp Ejipsyen an olye li te fè gwo depans nan zafè lagè ak nayon etranje yo tankou anpil farawon ki tap gouvènen anvan li te konn fè. Istoryen konsidere Iknatonn kòm farawon ki te pi pwogresis nan tout souvren ki te dirije nasyon Lejip nan listwa. Olye li sèvi ak lajan Leta pou ranfòse fòs militè pou fè lagè pou agrandi teritwa Ejip la, li te konsantre depans bidjè administrasyon li an sou refòm edikasyon, devlopman kiltirèl, sosyal ak relijyon.


1. Fokis sou edikasyon ak kilti

.
Farawon Iknatonn te bati yon vil tounèf ki rele Akhetaton (jodi a yo rele li Amarna), yon vil kote li te ankouraje epi ede ak finans leta tout aktivite ki gen pou wè ak devlopman konesans, filozofi, ak nouvo fòm ekspresyon atistik. Sistèm edikatif li te plis baze sou adorasyon Aton ak nouvo prensip relijye li yo, olye de ansyen tradisyon ki te santre sou prèt Amon yo. Atizay nan peyi Ejip te vin kòmanse yon nouvo fòm espresyon tounèf ki te ankouraje atis vin pi kreyatif, inove nan kreye nouvo estil espresyon.

.

2. Rediksyon nan depans pou lagè
Pandan peryòd gouvènans Iknaton lan, Ejip te gen kèk konfli ak detwa kèk peyi etranje (tankou Hittit yo ak Mitani yo), men jenn farawon an pat chèche fè gwo ekspansyon militè, jan anpil farawon te konn fè anvan li. Olye de sa, li te chèche rezoud konfli sa yo avèk mwayen diplomasi, yon fason pou li te ka kenbe lapè ak lòt nasyon sa yo. Se sak fè gen kèk istoryen ki di Iknaton te yon farawon ki te twò pasif nan yon peryòd lè peyi lejip te deja kòmanse ap pèdi enfliyans li te genyen depi lontan sou kèk teritwa nasyon etranje. Gen yon dokiman istorik ki rele “Lèt Amarna yo” ki se kòrespondans diplomatik farawon an te resevwa pandan administrasyon li an. Sa lèt Amarna yo montre sèke pannan administrasyon Iknatonn lan, te gen kèk nasyon ki te ansyen alye peyi Ejip ki te voye mande Iknatonn asistans militè pou ede yo nan lagè yo tap mennen kont kèk peyi lennmi. Dokiman Amarna yo montre administrasyon Iknatonn lan pat bay yon gwo èd militè a alye sa yo jan ansyen farawon yo te toujou konn kouri fè lè ka sa yo prezante.

An konklizyon nou ka di farawon Iknatonn te sanble pi enterese nan chanje lespri pèp li a ak Idealoji Aton li te adope a. Li pat tèlman enterese nan pwojè agrandi teritwa peyi Lejip oubyen fè lame li a vin pi pisan pou atake lòt nasyon yo. Estrateji gouvèlman li an te pi fokis sou pote chanjman kiltirèl, sosyal ak espirityèl pou byenèt pèp li a nan yon klima kote gen kèpoze.

.

Iknatonn se premye farawon revolisyonè pasifik nan listwa Lejip.

.

************************

.