
Nan lavil Volos, nan peyi Lagrès, te gen
yon peryòd difisil kote ekonomi an te kraze,
bank te fèmen, e moun pa t kapab jwenn
lajan ofisyèl pou achte manje, peye sèvis,
oswa kontinye fè biznis. Se te pandan kriz
ekonomik ewopeyen an, alantou ane 2010
rive 2012.
Lè moun yo ki ap viv nan kominote Volos
la te wè yo te devan yon pwoblèm yo pat
janm prepare pou fè fas, yo te vin pran
yon desizyon okenn nan yo pat panse anvan:
yo te deside kreye pwòp sistèm lajan
rejyonal pa yo pou sèvi antre yo, menm si yo
pa ka jwenn lajan ofisyèl gouvèlman peyi a.
Yo te bay sistèm lajan lokal sa a rele
TEM. TEM se te yon lajan kominotè, ki
pa t depann sou labank oswa sou lajan
ofisyèl gouvènman an. Li te fonksyone tankou
yon sistèm rezotay kote moun bay
youn lòt sèvis oswa pwodwi, epi yo sèvi ak
TEM kòm mwayen pou peye youn lòt.
Moun te kapab achte manje, voye timoun
yo lekòl, fè reparasyon, peye leson, oswa
jwenn lòt sèvis, san yo pa bezwen ni lajan
euro a, ni dola a.
Se yon gwoup moun nan ti lavil Volos la
ki te gen konfyans youn nan lòt ki te mete
sistèm lajan lokal sa a kanpe. Yo te kreye
tou yon sistèm elektwonik sou òdinatè
kote chak manm nan rezo a te ka ouvè yon
akont TEM pou tèt li. Lè yon moun te
bay yon lòt yon sèvis, li te resevwa kredi
TEM lan. Apre, li te ka sèvi ak lajan lokal
sa a pou achte nenpòt bagay nan men lòt
moun ki nan menm rezo TEM lan, menm
si li pa gen lajan ofisyèl gouvèlman an. Yo
te menm òganize mache pwodi manje
kote tout lavant ak acha te fèt ak TEM, e yo
te mete sistèm lan sou entènèt pou
fasilite echanj yo. Sa ki pi enteresan, menm
majistra lavil Volos la, yon sitwayen
grèk ki rele Panos Skotiniotis te vin soutni
mouvman a lafen, paske li te vin
konprann fason sistèm lajan lokal fonksyonen
an, se te yon èd sitwayen nan
kominote li a tap ba li paske gouvèlman li tap
sèvi a pat gen moyen finansye
pou bay moun sa yo ki te vote pou li a mwayen
nesesè pou satisfè bezwen ke li
dwe yo nòmalman.
TEM te montre kijan, menm nan mitan yon
gwo kriz ekonomik kote lajan ofisyèl
yon peyi vin ra pou jwenn, sitwayen yo ki ap
viv nan yon kominote kapab mete tèt
ansanm pou kreye pwòp lajan pa yo pou fè
echanj resous yo bezwen. Sistèm lan
te ede anpil moun nan Volos vin viv miyò, e
li te sèvi kòm zouti rezistans ekonomik
lokal. Se pa te lajan gouvènman an ki te bay
rezilta sa a, se te lajan yon kominote a
limenm ki te wè li ap viv yon sitiyasyon kote
tout resous li bezwen pou li viv te la
nan viwonman kote li ap evolye men pa gen
lajan pou achte resous sa yo. Pou yo
menm, li pat fè sans pou yo kite resous sa yo
ap gaspiye konsa akòz mank lajan.
Epi, esperyans sa a te vin kreye yon atmosfè
kote kominote a te vin pi dyanm. Moun
yo te vin santi yo pi konekte youn ak lòt epi
sa te fè yo santi tou apre kriz finansye
sa a, yo te ka rezoud nenpòt ki lòt pwoblèm
ki vin devan yo depi yo mete tèt yo
ansanm pou chèche solisyon.
Egzanp sa montre kijan lajan kominotè ka itil
nan moman difikilte ekonomik, e kijan
li ka sèvi pou bay yon kominote plis kontwòl
sou lavi ekonomik li san li pa depann de
lajan gouvèlman peyi kote li ap viv la. Jodi a,
gen anpil lòt peyi nan lemond antye ki ap
swiv egzanp ti lavil Volos la.

