Kòman Jere on lafyèv Tifoyid

  • Home
  • Kòman Jere on lafyèv Tifoyid

.

KÒMAN JERE YON KA LAFYÈV TIFOYID

.

Tifoyid se yon enfeksyon grav bakteri Salmonella typhi koze. Li ka bay lafyèv ki kwo, dyare oswa konstipasyon, doulè lestomak, ak feblès. Si yon moun gen yon lafyèv ki wo epi ki dire, li posib se yon ka tifoyid. Nan sitiyasyon konsa li enpòtan pou wè ak yon doktè pi vit posib. Si pa gen posiblite pou wè ak yon medsen vit, gen kèk mezi on moun ka pran an atandan pou ka a pa vin pi mal.

.

Men kèk premye swen natirèl nou ka bay yon timoun nou sispèk gen atak tifoyid an atandan nou jwenn doktè:

.

1. Evite Deidratasyon

  • Fè timoun nan bwè anpil dlo pou evite deyidratasyon (paske lafyèv ak dyare ka fè li pèdi anpil likid).
  • Si li gen dyare, prepare yon sèrum oral ka ede:
    • On demi ti kiyè sèl + 6 ti kiyè sik + 1 lit dlo pwòp
    • Bay li bwè ti kras pa ti kras pandan tout jounen an.

.

2. Tizàn ak Remèd Natirèl

  • Tizàn fèy Lila → Lila se yon plant ki gen lòt non yo rele li Azadirachta indica, margousier ak Neem. Se yon fèy ki ka ede bese lafyèv ak konbat enfeksyon. Bouyi kèk fèy Lila nan dlo epi bay moun nan bwè yon ti tas. Paske Lila fò anpil, pa mete anpil fèy lè ou ap fè te a.
  • Ji sitwon ak myèl → Sitwon gen pwopriyete antibakteri. Melanje l ak ti dlo tyèd ak myèl pou ede soulaje lestomak ti moun lan.
  • Tizàn fèy papay → Li bon pou netwaye sistèm dijesyon (gastwoentestinal) epi li bon pou konbat enflamasyon.

.

3. Kenbe Timoun nan Konfòtab

  • Fè timoun nan repoze anpil. Tifoyid se yon maladi ki ka febli kò yon moun anpil. Se poutèt sa malad la bezwen anpil repo.
  • Pa ba li manje ki lou. Bay timoun nan ti soup pou li bwè, ba li labouyi, fè li bwè ti ji fwi natirèl (san sik anplis).
  • Sèvi ak konprès frèt sou fwon li pou ede bese lafyèv la.

.

4. Evite Maladi a agrave

  • Pa bay malad la medikaman grenn tankou ibipwofèn oswa aspirin san konsèy doktè paske yo ka agrave lestomak malad la.
  • Asire w dlo li bwè pwòp (si li gen filtraj, bouyi dlo a avan li bwè).
  • Toujou lave men anvan li manje pou evite gaye enfeksyon an.

.

Tifoyid ka vin grav si li pa trete byen. Si timoun nan gen yon lafyèv kote tanperati kò li monte anpil epi li pa desann epi li sanble li ap febli oswa li gen vant li anfle, li bon pou fè tout efò pou rive jwenn ak yon doktè oswa lopital pi vit posib.

.

**********************

.

Yon pyebwa Lila (Azadirachtaindica – Margousier – Neem)

 

.

.

.

Fèy Lila

.

.

.

.

Flè Lila

.

.

.

.

Ti grenn Lila

.

.

.